Health Information Portal (HIP)

Search
0 results

No results, please enter a search term above

Depatman Sante Piblik Filadèlfi te deklare yon Ijans pou Sante anrapò ak Chalè pou Lendi 15 jen rive Mèkredi 17 Jiyè. Pandan gwo chalè depase limit, li enpòtan pou voye je sou vwazen w yo, sitou granmoun aje e moun ki gen pwoblèm sante kwonik ki gen plis risk pou yo malad, epitou nenpòt moun k ap viv poukont li. Asire w yo gen aksè nan èkondisyone, yo rete idrate, epi yo konnen kòman pou yo rele pou yo jwenn èd si yo bezwen l.

Resous sa yo disponib pandan Ijans pou Sante anrapò ak Chalè:

  • Sant Refwadisman yo: Sa yo se kote ki gen èkondisyone, sa gen ladan bibliyotèk yo, sant lwazi yo, e sant pou senyò nan tout vil la ki gen èdtan pwolonje pandan ijans pou sante anrapò ak chalè. Pou jwenn yon sant refwadisman toupre w, rele 311 oswa ale sou https://bit.ly/PhillyCool.
  • Philadelphia Corporation for Aging Heatline (Liy pwoteksyon chalè Sosyete Filadèlfi pou Vyeyès) – (215) 765-9040: Rezidan yo ka rele pou jwenn konsèy ak resous sou sekirite nan chalè epitou pou yo pale ak yon enfimyè sou nenpòt bezwen sante.
    • Heatline lan ap louvri apati 8:30 am jiska Lendi 15 jen rive Mèkredi 17 Jiyè.
  • Office of Homeless Services (Biwo Sèvis pou Sanzabri): Si w wè yon moun nan lari a ki bezwen èd, rele (215) 232-1984 oswa rele 911 pou yon ijans medikal.
  • Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou Ijans pou Sante anrapò ak Chalè a isi a: https://bit.ly/PhillyHeatEmergency.

Rete fre:

  • Rete nan èkondisyone lakay ou oswa nan yon espas piblik fre.
    • Ale sou www.art-reach.org oswa rele (267) 515-6720 pou aktivite andedan gratis oswa ak rabè.
  • Pati ki pi cho nan jounen an se ant 11am ak 4pm; eseye rete lwen solèy la epi evite aktivite fatigan, si sa posib.
  • Rete idrate. Bwè dlo oswa ji fwi menm si w pa santi w swaf.
  • Si w cho epi w pa santi w byen, rele yon doktè. Rele 911 si w panse yon moun gen yon ijans.

Lòt resous yo:

  • Bwochi, depliyan, bilten gratis, ak plis ankò: http://bit.ly/PHPMaterials
    • Materyèl edikasyon kominotè ki tradui nan plizyè lang.
    • Telechaje yon kopi dijital oswa kòmande kopi enprime gratis pou yo poste nan adrès ou.
  • Gid pou Chalè Estrèm: www.phila.gov/heat
    • Gen enfòmasyon sou risk pou sante yo pandan gwo chalè depase limit ansanm ak zouti pou ede w rete fre.
  • Utility Emergency Services Fund (Fon Sèvis Dijans Sèvis Piblik yo) – (215) 814-6835 oswa vizitewww.uesfacts.org
    • Èd pou sèvis piblik ak lojman, ak plis ankò. Rezidan yo ka rele pou jwenn enfòmasyon sou avantaj onivo Eta ak federal epi enskri pou avantaj yo.

Kontakte Pwogram Public Health Preparedness (Preparasyon Sante Piblik) nan publichealthpreparedness@phila.gov oswa (215) 429-3016 pou w planifye yon atelye an pèsòn oswa vityèl sou fason pou rete an sekirite pandan gwo chalè depase limit, fè poste dokiman enprime pou òganizasyon w, epitou pou diskite sou fason nou ka soutni kominote w pou l rete an sekirite kont chalè depase limit pandan ete sa a. Gen tradiksyon ak entèpretasyon disponib.

Pou w rete konekte ak enfòmasyon enpòtan, enskri pou w resevwa alèt gratis vil la voye. Tèks mo READYPHILA nan 888-777 pou w resevwa tèks gratis dirèkteman sou telefòn ou.